Ou ka viv anko | Gregory Telfort

Img 0077
Artist:
Album:
Title:
Year:
Track number:
Total tracks:
Genres:
© License
 Portfolio
 Video

Lyrics

Se pa jodia manmanm Ayiti
Wap bite nan wout demokrasi
Sanble ou pap janmen rive
Viv tankou yon pèp libere
oooooo Ayiti leve

Mwen konn kisa la libète vle di
Mwen konn lè yon fanm gen bon timoun
Men sa fè pitanm anpil ane
Denpi gen nan yo kape banm dyare
oooooo devan pou'w gade

Yo rache dan'w nan goumen pou pouvwa
Met dife lakay ou nan fè move chwa
Desalin,Kristòf,pase pran Kapwa
Pate bay vi yo pou kriye nan mouchwa
ooooooooooooo(X2)
Dim tout sa'w ta vle,pounn fè pou ou Manman
Pou'w kapab fyè de tèt ou,tankou'w te ye nan tan lontan
Ayiti cheri...

Apre 1804 kè mwen pa janm kontan
Mwen pèdi kouwòn rèn karayib la
Movèz gouvènans marye mwen ak satan
Tranblemanntè banm piki kolera(X2)